Deuteronomy 7:1
Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:21moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.
Exodus 15:7Jan ou gen anpil pouvwa sa a, Seyè! Ou kraze moun k'ap goumen avè ou yo. Ou fè yon sèl kòlè, ou boule yo tankou dife nan pay.
Exodus 23:32Piga nou pase ankenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo.
Numbers 13:29Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.
Deuteronomy 4:1Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.
Deuteronomy 6:1Koulye a, men kòmandman, lòd ak prensip Seyè a, Bondye nou an, te mande pou yo moutre nou, pou nou te ka swiv yo nan peyi kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.