Deuteronomy 7:2
Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:20Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y'ap ofri bay Bondye.
Exodus 34:12Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou.
Numbers 21:2Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo fè yon ve bay Seyè a, yo di konsa: -Si ou lage moun sa yo nan men nou, n'ap mete yo tout apa pou ou ansanm ak tout lavil yo. N'ap detwi yo nèt.
Deuteronomy 3:3Se konsa Seyè a, Bondye nou an, te lage Og, wa peyi Bazan an, nan men nou ansanm ak tout pèp li a. Nou touye yo tout. Nou pa kite pesonn chape.
Deuteronomy 9:3Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la.
Deuteronomy 13:9Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'.