The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 7 › Deuteronomy 7:16

Deuteronomy 7:16

Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.

Bib La

In The King James Version

And thou shalt consume all the people which the LORD thy God shall deliver thee; thine eye shall have no pity upon them: neither shalt thou serve their gods; for that will be a snare unto thee.

In Context

15Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.

17Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fè pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou.

Read all of Deuteronomy 7

Cross References

Exodus 23:33Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fè peche kont mwen. Si nou sèvi bondye moun sa yo, sa ka yon malè pou nou.

Numbers 33:55Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a.

Deuteronomy 12:30atansyon pou nou pa kite yo pran tèt nou pou nou fè menm jan ak yo. Apre Seyè a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n' al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sèvi, ni ki jan yo t'ap sèvi yo, lèfini pou nou fè tankou yo.

Deuteronomy 13:9Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'.

Deuteronomy 19:21Se pou nou san pitye pou moun konsa. Se pou nou fè yo peye lavi pou lavi, yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye.

Joshua 23:13nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 7:16

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 7:15Deuteronomy 7Deuteronomy 7:17 →