Deuteronomy 7:18
Nou pa bezwen pè yo. Chonje tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè farawon an ak tout peyi Lejip li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 7:1Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l' pou ou tankou yon pwofèt.
Numbers 21:34Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa bezwen pè msye! M'ap fè nou kraze l' anba pye nou, li menm ansanm ak tout pèp l' a. M'ap fè nou pran peyi l' la pou nou. Nou pral fè l' pase sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete Esbon an, pase.
Deuteronomy 1:29Men, mwen di nou: Kè nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pè moun sa yo.
Deuteronomy 3:6Nou detwi yo nèt pou Bondye tankou yon ofrann, menm jan nou te fè l' pou Siyon, wa lavil Esbon an. Nou touye tout moun ki te nan lavil yo, fanm kou gason, timoun kou granmoun.
Deuteronomy 31:6Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.
Judges 6:13Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.