Deuteronomy 9:14
Kite m' fè sa m'ap fè a non! Mwen pral disparèt yo nèt pou pesonn sou latè pa janm chonje te gen moun sa yo. Men ou menm, m'ap ba ou pitit ki va vin zansèt yon nasyon k'ap pi gran, k'ap pi fò pase yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Apre sa, Seyè a di m' ankò: mwen gade pèp la, mwen wè se yon pèp ki gen tèt di anpil.
15Mwen desann soti nan mòn lan ki te plen flanm dife: mwen te gen de wòch kontra yo nan men m'.
Cross References
Exodus 32:32Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m' nan liv ou a.
Deuteronomy 29:20Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.
Psalms 9:5(09:6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.
Proverbs 10:7Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.
Isaiah 62:6Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou.
Jeremiah 15:1Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m' pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m'. Fè yo ale.