The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 9 › Deuteronomy 9:4

Deuteronomy 9:4

Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin chase moun sa yo devan nou, piga nou di nan kè nou se paske nou merite kifè Seyè a te fè n' antre pran peyi a pou nou. Non. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a te mete yo deyò ban nou plas yo.

Bib La

In The King James Version

Speak not thou in thine heart, after that the LORD thy God hath cast them out from before thee, saying, For my righteousness the LORD hath brought me in to possess this land: but for the wickedness of these nations the LORD doth drive them out from before thee.

In Context

3Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la.

5Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Seyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l' te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb.

Read all of Deuteronomy 9

Cross References

Leviticus 18:24Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.

Deuteronomy 8:17Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo.

Deuteronomy 12:31Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!

Deuteronomy 18:12Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.

Ezekiel 36:32Nou menm, moun Izrayèl yo, men sa Seyè sèl Mèt la di nou: Mwen vle fè nou konnen se pa poutèt nou m'ap fè sa m'ap fè a. Non! Okontrè, se wont pou nou ta wont, se bese pou nou ta bese je nou pou sa nou te fè.

Romans 11:20Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye; ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 9:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 9:3Deuteronomy 9Deuteronomy 9:5 →