Ecclesiastes 1:3
Yon moun te mèt pase tout lavi l' ap travay di, ap bay kò l' traka sou latè beni, kisa sa rapòte l'?
Bib La
In The King James Version
What profit hath a man of all his labour which he taketh under the sun?
In Context
4Moun fèt, moun mouri. Men sa pa deranje anyen sou latè.
Cross References
Ecclesiastes 2:11Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.
Ecclesiastes 2:22Ou travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou?
Ecclesiastes 4:3Men, gen yon lòt moun ankò ki pi bon pase yo tou de: Se moun ki pa t' janm fèt la, paske li pa janm wè move zak k'ap fèt sou tè a.
Ecclesiastes 5:16Wi, sa se bagay ki pou fann kè nou ak lapenn: Jan nou vini an, se konsa nou prale. Nou travay, men sa p'ap rapòte nou anyen.
Ecclesiastes 6:12Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nwaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?
Ecclesiastes 8:15Se konsa mwen mache di se pou tout moun jwi lavi yo, paske sèl plezi yon nonm gen nan lavi a se manje, se bwè, se pran plezi. Se sa ase li ka fè pandan l'ap travay di nan lavi Bondye ba l' pou l' viv sou latè a.