Ecclesiastes 1:2
Nan lavi a anyen pa vo anyen. Se sa filozòf la di. Non, anyen pa vo anyen nan lavi a. Tout bagay gen pou pase.
Bib La
In The King James Version
Vanity of vanities, saith the Preacher, vanity of vanities; all is vanity.
In Context
1Men pawòl pitit David la, filozòf la, ki te wa nan lavil Jerizalèm.
3Yon moun te mèt pase tout lavi l' ap travay di, ap bay kò l' traka sou latè beni, kisa sa rapòte l'?
Cross References
Psalms 39:5(039:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
Psalms 144:4Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase.
Ecclesiastes 2:11Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.
Ecclesiastes 2:17Se konsa lavi pa di m' anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen.
Ecclesiastes 2:21Wi, yon nonm fè travay li avèk lespri, avèk konesans, avèk ladrès. Apre sa, se pou l' pati kite l' pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, sa pa vo anyen. Sa pa bon menm.
Ecclesiastes 2:26Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.