Ecclesiastes 2:1
Mwen di nan kè mwen: Bon! Ann al pran plezi nou! Ann al mennen lavi dous! Men, mwen jwenn sa a tou, sa pa vo anyen!
Bib La
In The King James Version
In Context
2Ala bagay sòt se lè yon moun ap plede ri! Pran plezi, sa pa rapòte anyen!
Cross References
Genesis 11:7Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di.
Psalms 10:6L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm.
Psalms 27:8Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
Ecclesiastes 1:16Mwen di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t'ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m' yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans.
Ecclesiastes 2:15Mwen di nan kè mwen: Sa ki rive moun fou yo ap rive m' tou. Nan kondisyon sa a, sa m' te bezwen gen tout konprann sa yo? Kisa sa ap pwofite m'? Mwen di nan kè m': Sa a tou, sa pa vo anyen!
Ecclesiastes 3:17Mwen di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon yo ni mechan yo, paske chak bagay gen lè pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè.