Genesis 11:7
Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la.
Cross References
Genesis 1:26Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.
Genesis 10:5Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
Genesis 10:32tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo.
Genesis 42:23Jozèf te konprann tout sa yo t'ap di a. Men yo pa t' konn sa paske te gen yon moun ki t'ap tradwi pou yo lè yo t'ap pale avè l'.
Job 5:12Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.
Psalms 2:4Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.