Ecclesiastes 2:16
Pesonn p'ap janm chonje moun ki gen konprann yo ni tou yo p'ap chonje moun sòt yo. Pi devan, n'ap bliye yo tout. Nou tout gen pou mouri, kit nou gen bon konprann kit nou sòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 1:8Te vin gen yon lòt wa nan peyi Lejip la. Wa sa a pa t' konn anyen sou Jozèf.
Psalms 49:10(049:11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.
Psalms 103:16Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a.
Ecclesiastes 1:11Pesonn pa chonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou, pita, pesonn p'ap chonje sa k'ap pase koulye a.
Ecclesiastes 6:8Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l' debat ak lavi a?
Malachi 3:16Men koze ki te nan bouch moun ki gen krentif pou Bondye yo. Tansèlman, Seyè a t'ap swiv yo, li tande tou sa yo t'ap di. Li pran yon liv, li fè ekri non tout moun ki gen krentif pou li epi ki respekte l'.