Malachi 3:16
Men koze ki te nan bouch moun ki gen krentif pou Bondye yo. Tansèlman, Seyè a t'ap swiv yo, li tande tou sa yo t'ap di. Li pran yon liv, li fè ekri non tout moun ki gen krentif pou li epi ki respekte l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:12Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.
1 Samuel 23:16Jonatan, pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l' kouraj. Li t'ap di l' ki jan Bondye ap toujou la avèk li.
1 Kings 18:3Akab te fè rele Abdyas ki te reskonsab palè a. Abdyas sa a te sèvi Seyè a ak tout kè li.
2 Chronicles 6:7David, papa m', te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la,
Esther 2:23Yo mennen ankèt, yo jwenn sa Madoche te di a se te vre. Yo pann de mesye yo. Lèfini, wa a bay lòd pou yo ekri koze a nan gwo liv achiv gouvènman yo.
Esther 6:1Menm jou lannwit sa a, wa a pa t' ka dòmi. Li fè yo pote achiv gouvènman kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan. Li fè yo li ladan l' pou li.