Ecclesiastes 2:17
Se konsa lavi pa di m' anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:15Si se konsa w'ap aji avè m', tanpri, fè m' favè sa a: pito ou tou touye m' fin ak sa, pou m' pa wè m'ap pase tout malè sa a.
Job 3:20Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi?
Job 7:16Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout!
Psalms 89:47(089:48) Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.
Ecclesiastes 2:11Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.
Ecclesiastes 3:16Apre sa, mwen wè sou latè se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo.