Ecclesiastes 3:14
Mwen konnen tou sa Bondye fè la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ou pa ka wete anyen ladan l'. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo.
Cross References
2 Samuel 22:31Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
Psalms 64:9(064:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.
Psalms 119:90Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.
Proverbs 21:30Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.
Ecclesiastes 5:6Pa kite pawòl ki soti nan bouch ou fè ou fè peche. Apre sa pou ou al di reprezantan Bondye a: O wi, se chape bouch mwen chape. Poukisa pou ou ta fè Bondye fache sou ou? Poukisa pou ou ta fè Bondye detwi travay ou fè ak men ou?
Ecclesiastes 7:18Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p'ap tonbe nan fè eksè.