Ecclesiastes 3:19
Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay la. Ni yonn ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la k'ap bat nan tou de. Moun pa gen ankenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo.
20Tou de pral menm kote Tou de soti nan pousyè tè a. Tou de ap tounen pousyè tè a ankò.
Cross References
Job 14:10Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.
Psalms 49:12(049:13) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
Psalms 49:20(049:21) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
Psalms 92:6(092:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
Ecclesiastes 1:14Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.
Ecclesiastes 2:14Moun ki gen konprann yo, se pa je pete klere yo ye. Moun ki pa gen konprann yo ap mache nan fènwa. Men, mwen konnen tou de ap fini menm jan.