Ecclesiastes 4:1
Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Mwen wè sò moun mouri yo miyò pase sò moun vivan yo.
Cross References
Exodus 1:16li di yo: -Lè n'ap akouche medam ebre yo, lè yo sou choukèt, louvri je nou. Si pitit la se yon gason, touye l'. Men si se yon fi, kite l' viv.
Exodus 2:23Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
Exodus 5:18Al nan pye travay nou, tande! Yo p'ap ban nou pay ankò. Degaje nou bay menm kantite brik la.
Deuteronomy 28:48Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Seyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Seyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
Judges 10:7Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.
Job 6:29Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann.