Judges 10:7
Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:20Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.
Deuteronomy 32:16Y' al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y' al fè sa ki mal, yo fè l' fè kòlè.
Judges 2:14Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò.
Judges 6:1Pèp Izrayèl la lage kò l' ankò nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sètan.
1 Samuel 12:9Men yo bliye Seyè a, Bondye yo a. Lè sa a, Bondye lage yo nan men Sisera, chèf lame lavil Azò a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Moab ki leve fè lagè ak yo.
Psalms 74:1Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?