Ecclesiastes 4:9
Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.
Bib La
In The King James Version
Two are better than one; because they have a good reward for their labour.
In Context
Cross References
Exodus 4:14Lè sa a, Seyè a move sou Moyiz, li di l' konsa: -Gen Arawon, frè ou la, ki soti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang msye pa mare nan bouch li. Men koulye a, li gen tan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou.
Ruth 2:12Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
Proverbs 27:17Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
Mark 6:7Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri.
Acts 13:2Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.
1 Corinthians 12:18Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle.