Ecclesiastes 8:13
Men se pa menm bagay la pou mechan an. L'ap malere, lavi li tankou yon lonbraj. L'ap mouri bonè, paske li pa gen krentif pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 14:2Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase.
Job 20:5mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.
Psalms 11:5Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
Psalms 39:5(039:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
Psalms 144:4Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase.
Isaiah 3:11Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y'a fè yo peye pou sa yo fè a.