Ephesians 1:21
Li mete Kris la anwo tout chèf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sèlman koulye a sou latè, men nan tan ki gen pou vini an tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
20lè li te fè Kris la leve soti vivan nan mitan mò yo, li fè l' chita sou bò dwat li nan syèl la.
22Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sèl chèf legliz la.
Cross References
Matthew 12:32Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l'. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k'ap vini apre sa a.
Matthew 28:18Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
Acts 4:12Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.
Ephesians 3:10Men koulye a, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo.
Philippians 2:9Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non.
Colossians 2:10Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.