Matie 12:32
Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l'. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k'ap vini apre sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 36:13Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou.
Matthew 12:31Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo.
Mark 3:29Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan.
Luke 7:34Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l' konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye.
Luke 16:23Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li.
Luke 23:34Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.