Ephesians 4:13
Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 32:38Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò.
Zephaniah 3:9Lè sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m'.
Matthew 11:27Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
John 17:3Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.
John 17:25O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen.
1 Corinthians 1:10Frè m' yo, men sa m'ap mande nou, nan non Jezikri, Seyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout bagay. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè, se pou nou viv byen yonn ak lòt. Mete yon sèl lide nan tèt nou, se pou nou tout gen yon sèl pawòl.