1 Kings 3:15
Lè Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l' nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l' ale devan Bwat Kontra Seyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Seyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k'ap travay nan gouvènman l' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Yon jou, de fanm, de jennès, vin prezante devan wa Salomon.
Cross References
Genesis 31:54Apre sa, li touye yon bèt, li ofri l' bay Bondye sou mòn lan, epi li envite moun pa l' yo vin manje. Lè yo fin manje, yo pase nwit la sou mòn lan.
Genesis 41:7Sèt grap chèch yo souse sèt bèl grap yo. Epi je farawon an vin klè ankò. Se rèv sa yo li te fè.
Leviticus 7:11Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:
1 Kings 8:63Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.
1 Chronicles 16:1Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.
2 Chronicles 7:5Wa Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.