The Bible Software
bible.software › Esther › Esther 3 › Esther 3:13

Esther 3:13

Yo voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa a. Piblikasyon an te bay lòd pou lè trèzyèm jou mwa Ada a va rive, yon sèl jou a pou yo te touye tout jwif yo, granmoun kou jennmoun, fanm kou timoun. Se pou yo te masakre yo san pitye, lèfini pou yo te piye tout byen yo.

Bib La

In The King James Version

And the letters were sent by posts into all the king’s provinces, to destroy, to kill, and to cause to perish, all Jews, both young and old, little children and women, in one day, even upon the thirteenth day of the twelfth month, which is the month Adar, and to take the spoil of them for a prey.

In Context

12Se konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo yon piblikasyon pou yo mete nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Lèfini, li bay lòd pou yo voye l' bay tout prefè wa a, tout gouvènè pwovens yo ak tout chèf lòt pèp yo. Piblikasyon an te fèt nan non wa Asyeris. Lèfini, li mete so bag wa a anba li.

14Yo voye yon kopi piblikasyon an nan chak pwovens avèk lòd esprès pou yo te fè tout moun konnen pou yo pare kò yo pou jou sa a.

Read all of Esther 3

Cross References

1 Samuel 22:19Sayil fè touye tout moun ki te rete nan Nòb, lavil prèt yo: fanm kou gason, timoun, ti bebe nan tete, ansanm ak bèf, bourik, ak mouton. Yo touye tout.

Esther 7:4Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a.

Esther 8:10Madoche fè ekri lèt yo nan non wa a, epi li mete so wa a sou yo. Yo renmèt lèt yo bay mesaje pote ale. Mesaje yo te moute sou chwal yo te pran nan ekri wa a.

Esther 9:1Trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, mwa Ada a, rive. Se te jou pou yo te fè sa wa a te bay lòd fè a. Se te jou moun ki pa t' vle wè jwif yo t'ap tann pou yo te kraze yo. Men, sa ki pou te rive jou sa a, se pa sa ki rive. Se jwif yo ki kraze moun ki te rayi yo.

Job 9:25Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.

Jeremiah 51:31Mesaje sou mesaje ap kouri brid sou kou al di wa Babilòn lan lènmi anvayi lavil li a nèt.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Esther 3:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Esther 3:12Esther 3Esther 3:14 →