Esther 6:13
Li rakonte madanm li ak tout zanmi l' yo tou sa ki te rive l'. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l' yo ki te gen bon konprann di l' konsa: -Si Madoche se yon jwif vre, koulye a ou p'ap ka fè l' anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l'. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:8Nan maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pa t' kapab esplike rèv la ba li.
Deuteronomy 32:10Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l', li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li.
Esther 5:10men li pa kite moun wè sa, epi li al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l' yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou.
Job 16:2-Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.
Proverbs 28:18Malè p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe.
Daniel 5:26Men sa sa vle di: Konte: Bondye konte konbe jou depi ou wa, li pral mete yon bout nan sa.