Esther 9:4
Nan tout peyi a, tout moun te konnen jan Madoche te yon grannèg nan palè wa a, chak jou li te vin gen plis pouvwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 6:27Se konsa Seyè a te kanpe la avèk Jozye. Nan tout peyi a yo t'ap nonmen non l'.
2 Samuel 3:1Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese.
1 Chronicles 14:17Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.
Psalms 18:43(018:44) Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.
Proverbs 4:18Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
Zephaniah 3:19Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo. M'a sove moun k'ap bwete yo, m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo.