Proverbs 4:18
Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
Bib La
In The King James Version
But the path of the just is as the shining light, that shineth more and more unto the perfect day.
In Context
17Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.
19Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
Cross References
2 Samuel 23:4ap tankou solèy k'ap leve byen klere nan maten, nan yon syèl klè san yon ti nwaj ladan l'. L'ap tankou solèy k'ap fè zèb pouse apre lapli.
Job 23:10Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife.
Psalms 97:11Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.
Isaiah 26:7Seyè, ou fè chemen an dous pou moun k'ap mache dwat, ou louvri yon bèl chemen plat pou yo.
Hosea 6:3N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou.
Matthew 5:14Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.