Zephaniah 3:19
Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo. M'a sove moun k'ap bwete yo, m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
18tankou lè gen fèt: Seyè a di: -Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an.
Cross References
Deuteronomy 26:19L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te di l' la.
Isaiah 25:9Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Seyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou.
Isaiah 33:1Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!
Isaiah 41:12Moun ki t'ap fè nou lagè yo, n'a chache yo, nou p'ap wè yo. Moun ki t'ap goumen ak nou yo pral disparèt, yo p'ap la ankò!
Isaiah 49:25Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.
Isaiah 60:14Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.