Exodus 10:17
Tanpri, padonnen peche m' fwa sa a. Lapriyè Seyè a, Bondye nou an, ankò pou l' wete chatiman sa a sou mwen. Se touye chatiman sa a ap touye m'!
Bib La
In The King James Version
In Context
18Moyiz soti kay farawon an. Li lapriyè Seyè a.
Cross References
Exodus 8:8Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Lapriyè Seyè a, mande l' pou l' chase krapo sa yo soti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Seyè a.
Numbers 21:7Pèp la vin jwenn Moyiz, yo di l' konsa: -Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Seyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Seyè a pou nou pou l' fè sèpan sa yo ale. Moyiz lapriyè pou pèp la vre.
1 Kings 13:6wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: -Tanpri, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l' pou l' geri men m'. Pwofèt la lapriyè Seyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an.
Isaiah 26:16Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.
Romans 15:30Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen.