Isaiah 26:16
Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.
Bib La
In The King James Version
LORD, in trouble have they visited thee, they poured out a prayer when thy chastening was upon them.
In Context
Cross References
Judges 10:9Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn.
1 Samuel 1:15Ana reponn li: -Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni ankenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m' bay Seyè a. Se rakonte m'ap rakonte Seyè a lapenn mwen.
2 Chronicles 33:12Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo.
Psalms 42:4(042:5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
Psalms 77:1(077:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (077:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
Psalms 78:34Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.