Exodus 10:9
Moyiz reponn li: -Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n' fè pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 50:8ansanm ak tout fanmi Jozèf yo, frè l' yo, ak tout fanmi papa l' yo. Men yo te kite tout timoun piti yo Gochenn ansanm ak bèt yo, mouton, kabrit ak bèf.
Exodus 5:1Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a.
Exodus 8:25Lè sa a, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Nou mèt al ofri bèt pou touye pou Bondye nou an, men n'ap fè l' isit la nan peyi a.
Exodus 13:6Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Seyè a.
Deuteronomy 31:12N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'.
Psalms 148:12jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.