Exodus 12:16
Sou premye jou a ak sou setyèm jou a, n'a reyini pou nou lapriyè. Jou sa yo, nou p'ap fè ankenn travay. Manje ase n'a fè pou tout moun manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 16:5Chak sizyèm jou nan senmenn lan, y'a ranmase de fwa lavalè sa yo konn ranmase lòt jou yo, y'a pare mete la.
Exodus 16:29Konprann sa byen, se mwen menm, Seyè a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutèt sa, sou sizyèm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valè pou de jou. Nan setyèm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pesonn mete tèt deyò.
Exodus 35:2N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
Leviticus 23:7Premye jou a, n'a reyini tout pèp la pou n' fè sèvis pou Bondye. Nou p'ap fè ankenn gwo travay jou sa a.
Leviticus 23:24-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye.
Leviticus 23:35Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay jou sa a.