Exodus 12:28
Lèfini, yo leve, y' ale, yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Wi, yo fè tout bagay jan li te bay lòd la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 7:10Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv.
Exodus 14:4M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a.
Exodus 39:32Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'.
Exodus 39:43Moyiz egzaminen travay yo te fè a, li wè yo te fè l' jan Seyè a te bay lòd fè l' la. Wi, se konsa yo te fè l'. Lèfini, Moyiz beni yo.
Numbers 1:54Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l' vre.
Numbers 31:31Moyiz ak Eleaza, prèt la, te fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.