Exodus 12:27
n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t' fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di,
Cross References
Exodus 12:11Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l': n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l' prese prese, paske se lè sa a Seyè a ap pase.
Exodus 13:8Jou sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fè tou sa pou Seyè a, lè nou chonje tou sa li te fè pou nou lè nou soti kite Lejip la.
Exodus 34:25Lè n'ap touye yon bèt pou ofri l' ban mwen, piga nou janm sèvi ak pen ki fèt ak ledven. Lè fèt Delivrans lan menm, piga nou kite ankenn vyann bèt yo touye pou fèt la rete pou denmen maten.
Deuteronomy 16:5Nou p'ap gen dwa touye bèt nou ofri pou delivrans lan nan ankenn lavil Seyè a va ban nou pou nou rete.
2 Chronicles 20:18Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li byen ba devan Seyè a jouk fwon li rive atè. Tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a tou pou adore l'.
Nehemiah 8:6Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye ki gen pouvwa a. Tout pèp la leve men yo anlè, yo reponn: -Amèn! Li merite sa vre! Lèfini, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Seyè a.