bible.software › Exodus › Exodus 12 › Exodus 12:30
Exodus 12:30
Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmò.
Bib La
In The King James Version
And Pharaoh rose up in the night, he, and all his servants, and all the Egyptians; and there was a great cry in Egypt; for there was not a house where there was not one dead.
In Context
29Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.
31Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a.
Read all of Exodus 12
Cross References
Exodus 10:10Farawon an di yo: -Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Seyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo.
Proverbs 21:13Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
Matthew 25:6Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li.
This Verse In Other Editions
Study Exodus 12:30