Exodus 12:31
Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a.
Bib La
In The King James Version
In Context
32Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l' la. Epi mande Bondye pou l' beni mwen.
Cross References
Exodus 3:19Mwen konnen wa peyi Lejip la p'ap kite nou ale, si yo pa fòse l'.
Exodus 6:1Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a.
Exodus 10:9Moyiz reponn li: -Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n' fè pou Seyè a.
Exodus 11:8Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an.
Psalms 105:38Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil.