Exodus 12:50
Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a.
Bib La
In The King James Version
Thus did all the children of Israel; as the LORD commanded Moses and Aaron, so did they.
In Context
49Lòd sa a bon ni pou natif natal yo ni pou moun lòt nasyon ki rete nan peyi a nan mitan nou.
51Se jou sa a Seyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la.
Cross References
Exodus 7:4Farawon an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo soti kite peyi Lejip.
Numbers 3:51Apre sa, Moyiz pran tout lajan yo te peye pou sove lavi rès premye pitit gason yo, dapre lòd Seyè a te bay la, li bay Arawon ak pitit gason l' yo, jan Seyè a te ba li lòd la.
Numbers 8:19Mwen pran moun Levi yo tankou yon kado moun yo fè m', mwen renmèt yo nan men Arawon ak pitit gason l' yo pou yo fè travay moun Izrayèl yo gen pou yo fè nan Tant Randevou a, pou mande Bondye gras pou pèp la. Konsa, okenn malè p'ap rive tonbe sou pèp la paske yo p'ap janm bezwen pwoche twò pre kote ki apa nèt pou mwen nan tanp lan.
Numbers 8:22Apre sa, moun Levi yo antre al fè travay yo nan Tant Randevou a sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Se konsa pèp la te fè pou moun Levi yo tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
Numbers 36:10Se konsa, pitit fi Zelochad yo fè jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
Deuteronomy 12:32Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.