Exodus 13:17
Lè farawon an kite pèp Izrayèl la pati, Bondye pa mennen yo nan wout ki pase bò lanmè a pou ale nan peyi moun Filisti yo, atout se wout sa a ki te pi kout, paske Bondye te di: Mwen pa vle pou pèp la gen remò pou yo kase tèt tounen nan peyi Lejip la ankò, lè y'a wè batay yo gen pou yo fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:10Antan farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun peyi Lejip yo ki t'ap rapouswiv yo. Yo te pè anpil. Yo pran rele nan pye Seyè a.
Exodus 16:2Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a.
Deuteronomy 17:16Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò.
Deuteronomy 28:68Seyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N' aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pesonn p'ap vle achte nou.
1 Kings 8:47antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,
Luke 14:27Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis.