Exodus 14:10
Antan farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun peyi Lejip yo ki t'ap rapouswiv yo. Yo te pè anpil. Yo pran rele nan pye Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:17Lè farawon an kite pèp Izrayèl la pati, Bondye pa mennen yo nan wout ki pase bò lanmè a pou ale nan peyi moun Filisti yo, atout se wout sa a ki te pi kout, paske Bondye te di: Mwen pa vle pou pèp la gen remò pou yo kase tèt tounen nan peyi Lejip la ankò, lè y'a wè batay yo gen pou yo fè.
Joshua 24:7Zansèt nou yo rele nan pye m', mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a.
Nehemiah 9:9Ou te wè jan zansèt nou yo t'ap soufri nan peyi Lejip. Ou te tande jan yo t'ap rele mande sekou bò lanmè Wouj la.
Psalms 53:5(053:6) Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo.
Psalms 107:6Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
Psalms 107:19Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.