Lik 10:16
Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:2Yo tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa: -Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a!
Numbers 16:11Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon.
Matthew 10:40Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou.
Mark 9:37-Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m' lan li resevwa.
John 5:22Papa a pa jije pesonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije.
John 12:48Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.