Exodus 18:4
Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pèsekisyon farawon an. Se konsa li te rele lòt la Elyezè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 10:28Farawon an di Moyiz konsa: -Wete kò ou devan m'. Gade! Pa janm parèt devan m' ankò, paske jou ou ta parèt devan m' ankò, m'ap disparèt ou.
Psalms 18:1(018:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (018:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
Psalms 34:4(034:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.
Isaiah 50:7Seyè a, Bondye a, ap pote m' sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m' anyen. Mwen sere dan m', mwen mare kè m' pou m' soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m' wont.
Acts 12:11Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewòd. Li sove m' anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an.
2 Timothy 4:17Men, Seyè a te kanpe la avè m', li ban m' fòs. Se sak fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m' nan bouch lyon an.