2 Timothy 4:17
Men, Seyè a te kanpe la avè m', li ban m' fòs. Se sak fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m' nan bouch lyon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:21(022:22) Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè!
Psalms 109:31paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.
Proverbs 28:15Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo.
Isaiah 41:14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!
Jeremiah 15:20M'ap fè ou kanpe devan moun sa yo tankou yon miray fèt an kwiv byen solid. Y'a goumen avè ou, men yo p'ap ka fè ou anyen. M'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou, pou m' delivre ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Daniel 6:22Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre?