Exodus 19:11
Se pou yo pare pou twazyèm jou a. Paske, sou twa jou mwen menm, Seyè a, m'ap desann sou mòn Sinayi a pou tout moun ka wè m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Exodus 19:18Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.
Exodus 24:16Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz.
Exodus 34:5Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l' konnen se li menm yo rele Seyè a.
Deuteronomy 4:10Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.
Psalms 18:9(018:10) Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.