Exodus 2:14
Men, nonm lan reponn li: -Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l': -Aa! Gen moun ki konnen sa m' te fè a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:8Abram di Lòt konsa. Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m' yo.
Genesis 34:27Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a.
Genesis 37:19Yonn di lòt: -Men nonm ki renmen fè rèv la ap vini.
Numbers 16:13Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!
Proverbs 19:12Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
Matthew 21:23Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?