Exodus 2:15
Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:11Lè aswè rive, li fè chamo yo kouche bò pi ki lòt bò pòtay lavil la. Se te lè ti medam yo tè konn vin tire dlo.
Genesis 25:4Men pitit Madyan yo: Se te Efa, Efe, Enòk, Abida ak Elda. Se tout moun sa yo ki te pitit ak pitit pitit Ketoura.
Genesis 29:2Li rete konsa, li wè yon pi nan mitan savann lan. Te gen twa bann mouton ki te kouche bò pi a. Se nan pi sa a yo te konn pran dlo pou bay bèt yo bwè. Men te gen yon gwo wòch ki te bouche bouch pi a.
Exodus 18:4Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pèsekisyon farawon an. Se konsa li te rele lòt la Elyezè.
1 Kings 19:1Wa Akab rakonte Jezabèl, madanm li, tou sa Eli te fè, ki jan li te touye tout pwofèt Baal yo.
Proverbs 22:3Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.