The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 4 › Deuteronomy 4:26

Deuteronomy 4:26

Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.

Bib La

In The King James Version

I call heaven and earth to witness against you this day, that ye shall soon utterly perish from off the land whereunto ye go over Jordan to possess it; ye shall not prolong your days upon it, but shall utterly be destroyed.

In Context

25Lè n'a gen pitit ak pitit pitit, lè n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fè sa nou pa t' dwe fè. Piga nou fè estati osinon pòtre ankenn bagay pou nou fè sèvis pou yo. Piga nou fè sa ki mal nan je Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè l' fache.

27Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.

Read all of Deuteronomy 4

Cross References

Leviticus 26:31M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.

Deuteronomy 28:20Si nou fè bagay ki mal, si nou vire do bay Seyè a, l'ap voye tout kalite madichon sou nou: Nou p'ap konn sa pou n' fè, n'a gen kè sere nan tou sa n'ap fè jouk n'a rete konsa n'a fin disparèt nèt, paske nou te fè bagay ki mal, nou te vire do ba li.

Deuteronomy 30:18m'ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.

Deuteronomy 31:28Sanble bò kote m' tout chèf fanmi nou yo ak tout chèf branch fanmi nou yo pou m' fè yo tande pawòl sa yo. Mwen pral pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen sa mwen pral di nou la a.

Joshua 23:16Si nou pa respekte kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n' al adore lòt bondye, si n' al fè sèvis pou yo, Seyè a pral move sou nou, epi lapoula, n'ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.

Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 4:26

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 4:25Deuteronomy 4Deuteronomy 4:27 →