Exodus 22:21
Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
Thou shalt neither vex a stranger, nor oppress him: for ye were strangers in the land of Egypt.
In Context
22Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo.
Cross References
Exodus 20:2-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
Leviticus 19:33Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi a ansanm ak nou.
Deuteronomy 10:18L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.
Deuteronomy 15:15Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a.
Deuteronomy 24:17Pa fè ankenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou lenjistis. Respekte dwa timoun ki san papa. Pa pran rad yon vèv an garanti pou lajan nou prete l'.
Psalms 146:9Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.