Exodus 22:26
Si yon nonm plane levit li lakay ou pou ou prete l' yon ti kòb, se pou ou renmèt li rad li anvan solèy kouche.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 24:10Lè n'ap prete yon moun yon lajan sou garanti, nou pa gen dwa antre lakay li pou n' al pran sa l'ap ban nou pou garanti a.
Job 22:6Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni.
Job 24:9Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo.
Psalms 10:14Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.
Proverbs 20:16Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
Ezekiel 18:7Li pa pwofite sou pesonn, li pa bay pesonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo.