Exodus 22:27
Paske, se sèl rad li gen pou l' mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l' mete sou li pou l' kouvri aswè? Si li rele mande m' sekou, m'a reponn li paske mwen gen bon kè.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
Cross References
Exodus 2:23Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
Exodus 34:6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
1 Kings 2:8Ou gen ankò bò kote ou Chimeyi, pitit gason Gera a, moun lavil Bakourim nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. Jou mwen t'ap kouri ale lavil Manayim lan, li te ban m' gwo madichon. Men, lè m' t'ap tounen, li vin kontre m' bò larivyè Jouden. Jou sa a, mwen te fè sèman nan non Seyè a mwen p'ap fè yo touye l'.
2 Chronicles 30:9Si nou tounen vin jwenn Seyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, l'a kite yo tounen nan peyi yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, l'a louvri bra l' ban nou.
Psalms 72:12L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.
Psalms 136:10Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!