Exodus 22:4
Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l' toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l'a renmèt de pou yonn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:1Si yon moun vòlò yon bèf osinon yon mouton, si li touye l' epi li vann li, li gen pou l' bay senk bèf pou bèf li pran an osinon kat mouton pou mouton li pran an.
Exodus 22:9Si yon moun pèdi yon bagay, kit se yon bèf, osinon yon bourik, ou ankò yon mouton, kit se yon rad ou nenpòt lòt bagay, si lè yo jwenn sak te pèdi a yon lòt moun pretann di se pou li li ye, y'a mennen yo tou de devan lòtèl Bondye a pou regle sa. Moun Bondye va kondannen an va gen pou l' bay lòt la de fwa lavalè pou dedomajman.
Proverbs 6:31Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li.
Jeremiah 16:18Pou konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m' lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye.